Nouvelle vision: Pet vaginal (van nan vajen)

viernes, 12 de mayo de 2017

Pet vaginal (van nan vajen)


💯#Sak fè Fi a fè van nan bouboune li an?
#Nan moman relasyon seksyèl la sa ka rive ou tande yon bri ki paret biza,ki sonnen tankou se van patnèw la fè,son sa soti direkteman nan bouboune nan vre,men li pa menm ak sa ki soti nan ti twou deye moun nan,li pa gen movèz odè.
#Van sa rive soti pafwa se twò mouye Fi a mouye seksyèlman epi peni an nan mouvman va et vient an pwodwi bri a,e konsa tou sa depan de pozisyon Fi a ye pi souvan se nan pozisyon chen(back shot) sa fèt,se jan Fi a enkline a ki pemet van antre nan vajenl epi peni an nan moman li yo ede bwi sa fèt.
#Anpil koup gen pwoblem paske gason an ka panse se nati Fi a ki pa bon osinon se twonpe lap twonpel ak plizyè gason,donk se pa sa li ye ditou,jodia m fe limye sa pou nou poun sot nan fè nwa,aprann konnen koman kò a fonksyone poun pa pran move desizyon nan relasyon nou.
#NB: Si van sa sot nan vajen an ou ta remake li gen move sant,vizite yon medsen,paskel kapab yon pwoblèm.
#Fè plis zanmi like e pataje paj 
"TOUT SAVOIR SUR LA SANTĖ" pou plis miun ka wè enfo sa yo
☚ 
« Dr Joseph »



No hay comentarios.:

Publicar un comentario