Nouvelle vision: Flash ! Gade animal, eske se yon danje?

miércoles, 10 de mayo de 2017

Flash ! Gade animal, eske se yon danje?

Se toujou yon plezi pou n palew de tem ki enpotan pa egzanp relasyon nou genyen sitou ak bet ke nou gade yo, ki risk ki genyen le n pa pran swen bet yo byen paske li kapab bay nou maladi, yonn nan maladi ou kapab jwenn se sak rele « Fyev Q»
Se yon maladi ki prodwi pa yon bakteri ki rele coxiella burnetii..
Se yon bakteri gram negatif, tay li se 0.3-1.0um, li kapab siviv fas a dezenfektan e ki fe rezistans a lot fom de chanjman nan anbyan, gras a fom li.
Bakteri sa li menm ou kapab jwenn li nan animal tankou bef, mouton, kabrit, chyen, chat, e lot mamife domestic..
Preyod enkibasyon li, se 9 a 40 jou..
Li antre nan ko nou a trave: pousye kontamine, vyann kontamine, osi lenn kontamine, sekresyon vajinal, espem, let, pipi, epi poupou.
Epidemioloji
Moun ki plis riske pou jwenn maladi sa, pa egzanp moun ki gen kontak direk ak animal la, yon veterine, moun kap transpote animal, femye, moun kap manipile echantiyon veterine, moun kap travay nan endistri po bet yo…
An Europe maladi manifeste sou fom yon maladi nan fwa, e li manifeste aux Etats-unis tankou nemoni . li plis frekan nan moun de 30-70 zan.
Tik ki nan bet la kapab transmet bakteri sa a lot animal.
Sentom
54-60% moun ki afekte, li pa prodwi sentom.
• Fiev, nemoni, maladi nan fwa, maladi coeur, fatig, doule nan muscle, doule nan tet, toux, frison, maladi gastro entestinal, pedi apeti, malez general, Méningite, encéphalite, Neuropathie périphérique.
Eske tout moun kapab pranl ?
Eske li tiye moun ?
Kijan ou kapab prevni maladi sa ?
Kijanw arive konnen lew genyenl ?
Nap konseyew pou swiv paj nou pou toujou enfome: "




Tout savoir sur la sante"

<<<<Le bon et le mauvais, le plaisir et l'ennui, la maladie et la santé, tissent la toile de nos jours.>>@#Henri A...

No hay comentarios.:

Publicar un comentario